Valdie Vilgrain

Nomalyèn Siperyè, Jiris

Valdie Vilgrain gen yon pasyon pou dans. Sa fè plis pase 2 lane depi li entegre ILC kòm Direktris Operasyon. Entegrasyon li nan bèl ekip sa a te louvri je li sou yon pakèt domèn ke jèn yo nan Plato Santral, espesyalman jèn nan kominote Mibalè a, sipoze dekouvri. Tankou enpòtans lang anglè ak teknoloji e ankouraje kèk jèn fè staj nan biwo ILC a. Se pou tèt sa, li pa janm bouke motive jèn yo sou diferan pwogram ILC yo, e akonpaye yo ak anpil pasyans nan travay yo nan biwo a.

Li se tou ko-kòdonatris bèl evenman ki rele: SNEI-PC.

Li kwè nan travay ekip, li kwè tou se nan travay ansanm, nap ka chanje pote nan kominote nou.