Emmanuel Lafalaise

Emmanuel Lafalaise fèt 1e septanm 1981 nan komin Tomond, Plato Santral, peyi Ayiti. Manman li Marie Thérèse Lafalaise (Ninie) te pwofesè lekòl epi li te komèsan tou. Papa li André Joseph te Jijdepè. Tankou majoirite timoun ki fèt nan sant vil Tomond lan nan epòk la, Emmanuel, ki gen ti non jwèt li Malou, fè premye ane etid li nan sinèk nan lekòl nasyonal Tomond lan (lekòl Leta). Li pa janm bliye zanmi l yo ki konn ap di lè li te nan sinèk li te toujou di pwofesè a li menm se bye (ble) li t al lekòl la pou li manje chak fwa pwofesè a mande li ale sou tablo.

Etid Primè ak Segondè

Emmanuel fè tout klas primè li soti anfantin 1 rive mwayen 2 kay mè yo Tomond (Ecole Marie Auxiliatrice de Thomonde, EMAT). Apre li fin desann sètifika, li fè 3 lane nan kolèj Monseyè Jan Batis Dekòs (Thomonde) kote li te pase avèk siksè egzamen 9èm ane fondamantal. Soti 3èm segondè pou rive nan filo, se Pòtoprens, nan Grand Collège L’Humanisme (GCL’H), nan komin Delmas, li te lekòl. Pandan 4 lane li fè ap itidye nan Pòtoprens, Emmanuel te toujou patisipe nan tout aktivite nan lekòl li GCL’H. Se konsa nan lane 2000, pandan li t ap fè filo, elèv nan lekòl la te eli li Gouvènè (Prezidan) lekòl la pou ane akademik 2000-2001 an.

Etid Inivèsitè

Nan lane 2001, tousuit apre egzamen filo yo (Bacc II), Emmanuel ale viv ak fanmi li Etazini. Nan sousi pou li te gen pi bon edikasyon inivèsitè posib, Emmanuel te kite manman li am sè li New Jersey pou l t al viv epi ale nan inivèsite nan eta Massachusetts. Li antre dabò nan inivèsite kominotè (Roxbury Community College) nan ane 2002 e nan ane 2004, apre li te pase yon ane kòm reprezantan nan gouvènman etidyan inivèsite a, etidyan yo te eli li Prezidan Gouvènman Etidyan inivèsite a (SGA). Pòs Prezidan sila a te fasilite/pèmèt Emmanuel vizite anpil peyi pou li te patisipe nan divès konferans sou lidèchip ak sou fonksyonman sistèm Nasyonzini an.

Pami peyi li vizite deja nou ka site: La France; Corée du Sud; Japon; Belgique; Suisse; La Hollande; République Dominicaine; Bahamas; Uganda; Kenya; Etats-Unis; Royaume-Uni; Mexique…

Emmanuel Lafalaise gen yon:

– Diplòm nan Kriminoloji / Associate of Science in Criminal Justice (Roxbury Community College / Boston, 2005) ;

– Lisans nan Syans Politik / Bachelor of Arts in Political Science [Inivèsite Leta Massachusetts (UMass Amherst, 2007)]

– Mastè 1 nan Jesyon ak Adminitrasyon Piblik / Graduate Certificate in Public Management [Inivèsite Entènasyonal Florid, Miami (FIU), 2011].

– Mastè 2 nan Syans Politik ak espesyalizasyon nan Jesyon Kolektivite Teritoryal / Master 2 Gestion des Collectivités Territoriales (Inivèsite Paris Nanterre  / Paris 10, 2019).

Kididonk, Emmanuel se Kriminològ, Politològ ak Jesyonè. Li espesyalize nan devlopman  lokal ak desantralizasyon.

Pandan li t ap fè lisans li nan UMass, Emmanuel te pase yon ane (2006) echanj nan Inivèsite Denis Diderot (Paris 7) ki nan vil Paris (France) kote li te etidye Français Langue Étrangère (FLE), Syans Sosyal ak Ekonomi. Tan Emmanuel fè ap viv epi etidye nan peyi Lafrans ak Etazini pèmèt li rive metrize trè byen lang Franse ak lang Angle. Sa ki fè li pale, ekri epi li trè byen lang franse ak angle. Kreyòl se lang matènèl li (lang manman li). Li degaje l nan espanyòl tou.

Nan ane 2018, apre li te fin pase 3 lane ap travay pou Akademi Kreyòl Ayisyen, Emmanuel te aplike epi jwenn envitasyon favorab pou l t al fè yon Master 2 nan jesyon kolektivite teritoryal nan inivèsite Paris Ouest Nanterre La Défense (Paris 10) ki nan vil Nanterre, toukole ak vil Paris (France). Li resevwa diplòm Master 2 sila a nan mwa oktòb 2019, yon ane apre li te koumanse pwogram nan. Pwomosyon an te gen sèlman 17 etidyan, 16 etidyan Fransè, epi Emmanuel kòm Ayisyen.

Emmanuel fini nèt ak etid Master 2 sa a li t al fè an Frans la, kounya a l ap prepare l pou li retounen Ayiti al kontinye travay pou devlopman peyi li Ayiti.

Eksperians pwofesyonel

Avan li retounen viv an Ayiti nan ane 2015, Emmanuel te gentan travay nan sektè prive tankou nan sektè piblik Ozetazini. Li te travay kòm valè, kesye, chofè bis, resepsyonis biwo, ajan sekirite, pou n site sa yo sèlman…

Nan ane 2007, apre li te fin gradye nan syans sou konpòtman moun (Behavioral science) nan inivèsite Massachusetts, Emmanuel te travay kòm konferansye volontè pou biwo defans dwa moun pou eta Florid nan Konte Saint-Lucie. Li te konn prezante konferans ak seminè pou prizonye nan 2 diferan prizon sou sijè tankou vyolans domestik, dwòg ak konsomasyon alkòl.

 

Dènye djòb li se te nan ayopò entènasyonal Miami kote li te yon espesyalis nan operasyon, nan sekirite (entèlijans) ak nan sèvis repons  ijans pou ayopò a. Li te travay tèt pou tèt ak anplwaye imigrasyon ak ladwàn nan nivo lokal ak federal sistèm ameriken an.

Depi 2015 li te retounen viv nan peyi li Ayiti kote li te travay kòm Teknisyen Kominikasyon ak asistan chèf sèvis nan Akademi Kreyòl Ayisyen (AKA) nan Pòtoprens. An gwo kreyòl, li te yon anplwaye Leta ayisyen. Li te oblije demisyone nan pòs sa a lè l te jwenn envitasyon pou l t al etidye nan peyi la Frans soti septanm 2018 pou rive septanm 2019.

Emmanuel Lafalaise, Filantwopis la ak Politisyen an !

Nan ane 2000 yo, Emmanuel te toujou konn patisipe nan òganize chanpyona foutbòl, joune rekreyativ ak lòt aktivite kiltirèl pandan gran vakans . Li te konn ede kèk fanmi ak kèk jèn nan komin nan tou peye lekòl epi achte materyèl eskolè. Konsa, nan ane 2006 li te deside kreye yon fondasyon ki te pote non li pou li te ka rive ede plis timoun ale lekòl nan komin lakay li Tomond. Fondasyon sa a te rele Fondasyon Emmanuel Lafalaise pou Devlopman (FELD Haiti). Fondasyon sa a te kontinye ede timoun nan komin pandan plizyè ane, se fon pèsonèl Emmanuel ak don fammi, zanmi ki te konn finanse li.

Emmanuel Lafalasise te kandida pou Majistra Vil Tomonde nan elekyon oktòb 2015 yo. Byenke li te pèdi eleksyon sila a (oktòb 2015), Emmanuel Lafalaise se pèsonaj politik ki pi popilè nan tout kandida ki te patisipe nan dènye eleksyon yo nan komin nan. Li se sèl kandida ki toujou prezan nan tout aktivite nan komin nan depi apre eleksyon 2015 yo jis rive jounen jodi a, soti nan fèt patwonal, pase nan chanpyona foutbòl ak domino, jis rive nan joune bò dlo tankou Gwayab oubyen dlo Tomoun.

Twò souvan an Ayiti yo toujou di moun ki kandida ak moun ki nan politik se vagabon, vòlè, pa serye, dènye ma nan sosyete a. Sa ki fè, yon pòsyon nan nou nan sosyete a toujou rete deyò e se toujou menm kandida yo, menm eli yo, menm rezilta yo. Paran nou ki fè gwo sakrifis pou voye nou lekòl toujou swete pou nou vin doktè, avoka, enjenyè, elatriye. Gen nan fanmi ou soti, se pa lapenn pou w ta di ou enterese nan politik, alevwa pou w ta di ou pral kandida.

 

Nan fanmi pa Emmanuel, gran papa li, Kléber Charlot, te majistra ; tonton  li, Joseph Degraff Lacroix, te majistra ; gran frè li, Juan H Joseph, te majistra. Nou ka di gen yon tradisyon majistra nan fanmi li. Lasèl diferans sèke tout moun nou sot site la yo te rive majistra paske otorite nan gouvènman santral la te chwazi yo. Chwa sa yo toujou fèt sou merit, sou jan de moun sitwayen an reprezante nan komin kote l ap viv la.

Se konsa, nan ane 2015 lan, avan eleksyon yo,  gen kèk otorite nan Leta a ki te kontakte Emmanuel pou ofri li pòs majistra pwovizwa pou vil Tomond. Misyé te refize san reflechi paske li konnen yon majistra pwovizwa pa gen ni lejitimite ni ase tan pou li fè devlopman reyèl pou komin li. Se konsa li te rapousuiv ak wout li jiskaske li te poze kandidati li pou pòs majistra nan eleksyon 2015 yo.

 

9:00: Workshop

SNEI Plateau Central SNEI 2021 - Programmation

Engagement des Jeunes et responsabilité fiscale pour le développement du pays